Se radyo pa nou!

Infos

  • Haiti-politique: division entre députés et sénateurs, la séance de ratification est dans l’impasse !
  • « Nou bouke », cris de détresse, de rage, et de colère contre l’insécurité et le viol sur des étudiantes
  • Inspecteur tué à Pétion-Ville : 19 douilles près du cadavre – la population en colère
  • Haïti – Londres : Laurent Lamothe intronisé au Panthéon de la renommée 2019
  • Après la MINUJUSTH, l’ONU enverra une mission politique spéciale en Haïti
  • Home
  • Editorial
  • Programmation
  • Actualités
    • Culture & Société
    • Musique
    • Tourisme
    • Sports
  • Politique
  • Économie
  • Justice
  • Santé
  • Contactez-nous

Bandi toupatou

May 16, 2019 admin Actualités 0


Bandi toupatou

Petyonvil, lè l nannuit, lè tout machann, ni sa k dèyè kontwa ni sa k sou twotwa, gen tan rantre lakay yo, gen yon fèt ki kòmanse. Anpil fwa se gwo koze. Restoran deklas louvri pòt yo, moun ap desann nan bèl machin, twaze abolotcho, bay lakonpayi lebra pou al jwi lavi yo.

Gen lòt kote se lari ki prèske bloke. Jenn gason, jenn fanm, fre tankou ze zwa, enstale yo nan baz alamòd pou desann detwa byè oubyen kase kou kèk babankou, wiski, vodka. Jeneralman, nan baz sa yo, zam fè mikalaw. De patnè k ap bwè ansanm toujou pran yon ti tan pou yo fè konkou kilès ki gen pi bèl ak pi plis zam.

Li klè, nan milye sa yo, gen moun ki p ap met tèt yo deyò si yo pa gen zam sou yo, kit yo legal kit yo cho. M konn yon zanmi ki renmen pitit fi l tankou de je nan tèt li. Chak fwa pitit la dwe soti, misye toujou mande si gen omwen youn nan moun ki akonpaye l ki gen zam sou li. Paske nan tan sa a, nan milye sa a, moun pa viv san zam. Epi, depi ou gen zam, fòk ou afiche w.

Lè yon machin chèf ak bon grannèg frennen sèk, ou toujou tande yon gwo bri feray. Se zam k ap woule sou zam. Paske, pa prensip, moun debyen oblije gen fè nan men l. Sinon, nenpòt ti chofè moto, ki poko gen dezan Pòtoprens, ka dezapwouve w lè l vle.

Zòn kay grannèg, moun serye, moun ki gen aparans lelit, se sou zam w ap mache. Se gwo asenal pou kenbe tout ti vòlè, kidnapè, anachis, tèt pa dwat yo nan bon distans. Se bal okanon, gachèt sansib.

Nou dakò se lejitim defans, paske deyò a pa bon. Men, fòk nou ta poze tèt nou yon kesyon tafya : eske se ensekirite ki lakòz tout zam sa yo oubyen se zam yo ki fè ensekirite a ? Li konplike pou nou dakò konsidere yon zam tankou yon siy richès, yon zouti pou fè chèlbè. Depi nèg la jwenn yon dyòb, li touche twa mwa, li tou achte yon zam. Paske se yon byen esansyèl. Paske se yon zèv atistik.

Li enkyetan pou yon pèp antann li konsa sou zafè zam. Baton ki nan men w se avè l ou pare kou, ti kouto miyò pase zong. Se sa nou abitye tande. Anmenmtan, nou toujou pran prekosyon pou pote zam tounnen yon privilèj. Kòmsi se yon sèl kategori Ayisyen ki gen dwa touye. Ki gen dwa bay presyon.

Nan listwa peyi nou, gen epòk kote sa toujou pase mal. Se lè sa ki pa sanble anyen yo vin konprann fòk yo gen zam nan men yo tou. Nou pa konn ki non pou n bay endividi, ki pa nan laklas, k ap flannen ak zam nan men yo. Nou pa jan m konn kijan pou n idantifye yo. Yon esklav ame se yon koupèt gojèt. Yon kako se yon bandi gran chimen. Yon nèg katye ak zam se yon bandi, yon atache, yon bouwo rejiman makout, yon manm gang. Yon grannèg ak zam se yon nèg ki sou men l. Yon bon papa ki pa ranse ak vakabon, ki ka pwoteje fanmi l ak tout zanmi l.

Se vre ti vakabon pa monte sou teren notab ki gen zam.

Fòk nou eksplike timoun k ap vini yo poukisa zam ilegal se zouti bandi. Li pa nòmal pou bandi tout kote. Vire tounen nou mache sou bandi. Nan ba Petyonvil tankou nan bidjonèl Matisan.

Li sispèk pou se zam ki bay ni pouvwa ni respè ni lajan nan yon peyi. Depi de moun pa dakò, zam rale. Depi moun nan bezwen dechèpiye, gaspiye lavi yon lòt, se sou zam li monte.

Semèn sa yo, fim ak gwo zam se nan Latibonit sa monte. Bandi anvayi zòn nan. Larepiblik ap tranble pou peyizan yo. Erezman Lapolis sou sa. Y ap toke kòn ak bandi. Men, nou bliye oubyen nou pa konnen gen fanmi notab, ak gwo biznis nan kapital la, ki pase vi yo ap tire sou moun Latibonit. Pou kesyon tè ki mal separe. Pou kontra demwatye ki pa respekte.

Pandan senkantan, moun Latibonit ap mouri anba bal grannèg. Lè nou koupe fache ak yo, n ap woule lang nou nan bouch nou pou n rele yo grandon, kapitalis. Menm lè yo se ti asasen menm jan ak chèf gang yo, nou pa janm pèmèt nou rele yo bandi.

Sa vle di gen yon pati Ayisyen ki pote zam pou jwèt.

Ann fè yon ti lojik : yon bandi ret yon bandi. Kit li klè kit li nwa. Kit li ret nan paradi kit li rete sou fatra. Kit li chèf kit li abolotcho. Egalego.

Jean-Euphèle Milcé

Share this:

  • Click to share on Twitter (Opens in new window)
  • Click to share on Facebook (Opens in new window)
  • Click to share on Google+ (Opens in new window)

Related


  • tweet
Haïti - Diaspora 18 mai : Notre bicolore flottera dans le New Jersey et au Pays-bas Les juges menacent d'entrer en grève

admin

Lire aussi
  • Haiti-politique: division entre députés et sénateurs, la séance de ratification est dans l’impasse !
    Haiti-politique: division entre...

    May 27, 2019 0

  • « Nou bouke », cris de détresse, de rage, et de colère contre l’insécurité et le viol sur des étudiantes
    « Nou bouke », cris de détresse, de...

    May 27, 2019 0

  • Inspecteur tué à Pétion-Ville : 19 douilles près du cadavre – la population en colère
    Inspecteur tué à Pétion-Ville : 19...

    May 27, 2019 0

  • Haïti – Londres : Laurent Lamothe intronisé au Panthéon de la renommée 2019
    Haïti – Londres : Laurent...

    May 27, 2019 0

+ d'articles dans cette catégorie
  • Inspecteur tué à Pétion-Ville : 19 douilles près du cadavre – la population en colère
    Inspecteur tué à Pétion-Ville : 19...

    May 27, 2019 0

  • Haïti – Actualité : zapping…
    Haïti – Actualité :...

    May 27, 2019 0

  • Haïti – Sécurité : Au moins 100 morts par balles en 3 mois !
    Haïti – Sécurité : Au moins...

    May 27, 2019 0

  • La course contre l’inflation est perdue d’avance si les vrais problèmes de l’économie ne sont pas abordés en profondeur, estime l’économiste Etzer Émile
    La course contre l’inflation est...

    May 27, 2019 0


Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Faites un don pour supporter la radio !

Suivez-nous sur Facebook

Facebook By Weblizar Powered By Weblizar
Error, no Ad ID set! Check your syntax!

Recherchez sur radiohaitinews.com



Tél.: (+509) 3921-0885


E-mail: abnerpreval@yaoo.com


Route de Frères, Bloc du pont, Pétion-Ville, Haïti


Suivez-nous sur Facebook

Facebook By Weblizar Powered By Weblizar
Copyright 2016 Radio Haiti News. All rights reserved. By Daniel Daréus of Santa Barbara Production